Pwotestasyon KRD kont zak kriminèl pouvwa PHTK te fè lendi 18 me 2020 an sou popilasyon an

Komite Relèvman Divivye (KRD) wete chapo li byen ba pou li salye kouraj tout militan ki te kanpe djanm devan zak reprezay lapolis te fe lendi 18 me 2020 an sou popilasyon an. Li pwofite ekri nòt pou laprès sa a pou denonse konpòtman sila a tou kote lapolis montre yon fwa ankò li se bra ame pouvwa PHTK a nan manifestasyon 18 me a Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè (KONBIT) te lanse. Mobilizasyon sila a t ap rele anmwe dèyè fason gouvènman Moise-Jouthe la ap jere pandemi KowonaViris la ki chita sou kòripsyon ak vòl sistematik ti resous peyi a ki ale nan jesyon COVID-19 la.

Anpil moun te reponn alapèl nan okazyon sila a ki te raple an menm tan dat kreyasyon drapo ayisyen an. Te gen yon rasanbleman ki te kòmanse Kafou Rezistans kote deja te genyen 4 cha blennde sou plas ap tann manifestan yo pou fè represyon. Se konsa, lapolis te kòmanse tire gaz pasi pala pou kraze mobilizasyon an ki te gen yon branch ki te soti Channmas, ki te pase Nazon pou soti Dèlma 30. Yo menm rive tire ak bal reyèl a wotèdòm. Pandan vag represyon sa a, kèk polisye pwofite vare sou Pwofesè Josué Mérilien kote yo te baleye li, vide li atè epi maspinen li ak kout kwòs revòlvè. Se bon jan vijilans popilasyon an ki fè yo pa gentan arete pwofesè a epi ale avè l. Sa pa anpeche yon gwoup SWAT nan Dèlma 31 rantre nan yon kay kote yo te arete Guy Numa, Patrice Célestin ak plizyè lòt manifestan ki te vin eksprime dezakò yo fas a fason pouvwa PHTK a ap jere peyi a kote tout moun konnen se koripsyon ki deviz yo.

Nan KRD, n ap di zak entimidasyon sa yo pou anpeche popilasyon an manifeste libelibè jan Konstitisyon 87 la garanti sa, se bri sapat. Pwofesè Josué Mérilien k ap milite lontan nan kad batay ki vize amelyore salè ak kondisyon lavi pwofesè lekòl pa ka pran nan zak kraponnay sa yo. Yon pouvwa ki deside se lafòs pou l itilize pou li dirije, se yon pouvwa ki dezespere epi ki pa ka konvenk popilasyon an li gen lejitimite pou li rete nan tèt peyi a. Nou konnen mòd pouvwa kòwonpi sa yo pa bay ankenn pwofesyonèl, kit lasante, kit ledikasyon ankenn valè nan sosyete a. Men nou konnen tou se pa yon rezon pou Pwofesè Josué Mérilien fè bak, e nou konnen li pap fè bak, paske batay pou yon bon jesyon pandemi an se yon batay pou lavi. Batay pou fòse Leta sèvi popilasyon an se yon batay pou lavi.

Konsa, pandan n ap denonse mòd pratik Divalyeris sa yo gouvènman Moise-Jouthe la ap fè popilasyon an sibi, nou pote tout solidarite nou bay pwofesè Josué Mérilien ak tout lòt manifestan ki te viktim anba men lapolis. N ap di tout rezistan sa yo batay la fèk kare, paske nou konn kote n prale

.

Boutfen, KRD ankouraje tout demach nan chimen lajistis pou fè tout polisye ki te patisipe nan tantativ asasina Pwofesè Mérilien an vin reponn ak zak yo. Konsa, KRD ap mande popilasyon ayisyèn nan pou li rete vijilan kont tout fòm diktati pouvwa Moise-Jouthe la vle enstale nan peyi a.

Pou otantifikasyon:

Salvatory R. ST VICTOR, 4838-3418

Patrick JOSEPH, 4747-3902

KOMITE RELÈVMAN DIVIVY(KRD) 26, rue Hubert, Duvivier – Tel: 4838-3418/4747-3902

Source : http://www.radiokiskeya.com/spip.php?article11036

???? Détendez-vous !

Levez les pieds et laissez-nous faire le travail pour vous. Inscrivez-vous pour recevoir les dernières actualités directement dans votre boîte de réception.

Nous ne vous enverrons jamais de spam ni ne partagerons votre adresse électronique.
Consultez notre politique de confidentialité.

Publications similaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *